Ijans! Vyolans seksyèl mande swen rapid – 72 èdtan se delè kritik pou evite gwosès ak enfeksyon tankou VIH SIDA.
Nan yon moman kote vilnerabilite ap frape deplase yo, FADHRIS, an patenarya ak UNFPA, kontinye ap fè mirak!
Klinik mobil yo pa sispann bay swen sante gratis sou sit Jan Mari Seza nan kad yon pwojè esansyèl sou vyolans seksyèl ak vyolans baze sou sèks an jeneral.
Viktim vyolans seksyèl bezwen aksè rapid ak swen pou pwoteje avni yo. Chak èdtan konte pou anpeche gwosès endezirab ak konbat maladi tankou VIH SIDA.
FADHRIS ak UNFPA pa rete bra kwaze. Yo sou teren, yo ofri sipò medikal ak sikososyal ki ka sove lavi. Sa se pa sèlman swen; sa se rekonstriksyon diyite.
Pwojè sa a se yon limyè nan fènwa, yon prèv ke menm nan mitan advèsite, gen òganizasyon kap goumen pou byennèt tout moun, espesyalman fanm ak tifi.